Rezistans kako 2020 : sit-in devant le consulat états-unien

Date de l'événement: 

28 Juillet 2020

LE FRANÇAIS SUIT

REZISTANS KAKO 28 JIYÈ 2020 DOUVAN KONSILA ETAZINI NAN MONREYAL

Vin manifeste ak nou douvan pòt Konsila Ameriken an nan Monreyal, madi 28 Jiyè 2020, soti midi rive 5kè nan apremidi.

Politik etranjè Etazini alegad Ayiti pa janm chanje depi 28 jiyè 1915. Sa gen 105 ane depi Yanki Enperyalis yo debake sou bòdmè Bizoton epi, depi jou sa a, yo pa janm wete bòt fere yo sou kou Ayiti.

Petèt nan 50 ane ankò, lè sa pa va gen okenn enpak politik, atò nan pwòp piblikasyon pa li, gouvènman Etazini an va admèt zak malonèt li kontinye ap komèt kont Pèp Ayisyen an pandan ane 2020 sa a.

Ya va esplike ki jan :

Se bradsi bradsou ak Jovenel Moïse, Etazini travay pou yo kreye yon konkòday gang ame kriminèl (G9 ak alye) ki mobilize toupatou ann Ayiti pou kore yon lòt diktati Tonton makout amelyore (PHTK).
Se yo menm menm ki te òganize koudeta 2004 la, kote yo ranvèse lidè lejitim pèp Ayisyen an (plis pase 7,000 ofisyèl eli demokratikman).

Se yo menm menm ki te enpoze okipasyon etranjè sou Ayiti, ak twoup Nasyonzini yo ki touye plizyè milye inosan epi enfekte yon milyon Ayisyen ak bakteri kolera.

Se yo menm menm ki te kouve yon bann kriminèl anba zèsèl yo, epi pwoteje yo kont sanksyon lajistis.

Se yo menm menm ki te jouke alatèt peyi a, yon bann lidè maryonèt ki rive opouvwa nan eleksyon malatchong, elatriye...

Vin founi je gade sa ki ekri, alèkile, sou sit entènèt ofisyèl gouvènman Ameriken an osijè envazyon 28 jiyè 1915 lan, okipasyon Ayiti epi zak malonèt yo te fè pou yo enstale nan “repiblik nèg” la, yon seri prezidan “milat” maryonèt ki osèvis “blan” malveyan yo.

"Nan mwa Out 1915, Gouvènman Ameriken an te fòse Palman Ayisyen an eli Philippe Sudre Dartiguenave, kòm nouvo Prezidan peyi a. Chwa yon prezidan ki pa te reprezante volonte popilasyon Ayisyen an te ogmante pwoblèm Ayiti. "
https://history.state.gov/milestones/1914-1920/haiti
------------------------------------------
SIT-IN LE 28 JUILLET 2020 À MIDI DEVANT L’AMBASSADE AMÉRICAINE À MONTRÉAL

Joignez-vous à nous pour un sit-in devant l’ambassade des États-Unis à Montréal le 28 juillet, de midi à 17h.

Depuis le 28 juillet 1915, la politique étrangère des États-Unis envers Ayiti n'a pas changé. L’empire états-unien a débarqué sur les côtes d’Ayiti il y a 105 ans et n’est jamais reparti.

Peut-être que dans 50 ans, quand ce ne sera plus d’intérêt, le gouvernement américain, même dans ses propres publications, admettra ses actions mortifères contre l’Ayiti de 2020.

Que, de connivence avec Jovenel Moïse, les États-Unis ont œuvré à la création du regroupement de gangs armés criminels (G9 et Alliés) en vue de pérenniser une dictature néo-Tonton Macoute (parti PHTK).

Qu'ils ont organisé le coup d'État de 2004, renversant les dirigeants légitimes ayitiens (plus de 7 000 élus).

Qu’ils ont imposé l'occupation étrangère par les troupes de l'ONU qui ont assassiné des milliers d'Ayitiens et en ont contaminé un million par le choléra.

Qu’ils ont protégé les criminels des poursuites judiciaires.

Qu’ils ont imposé comme dirigeants d’Ayiti des marionnettes installées à coups d'élections truquées, etc.

Voici ce que vous pouvez maintenant lire sur le site Web officiel du gouvernement américain au sujet de l'invasion entamée le 28 juillet 1915, de l'occupation et de ces élections truquées pour installer des marionnettes mulâtres au service des intérêts de l'homme blanc dans la « République noire » occupée:

« Le gouvernement américain a également forcé l'élection d'un nouveau président pro-américain, Philippe Sudre Dartiguenave, par la législature haïtienne en août 1915. Le choix d'un président qui ne représentait pas le choix de la population haïtienne a accru les troubles en Haïti. »
https://history.state.gov/milestones/1914-1920/haiti

Ville où l'événement s'est produit: